Amelyore anglè ou

Chwazi pami de (2) pwogram ki bon pou orè ou.

Pwogram Anglè Entansif (Intensive English Program, IEP)

Pwogram a plentan sa a pral ede ou amelyore anglè ou byen vit pou ou ka rive nan bi ou yo nan zafè edikasyon oswa travay ou.

Orè Lendi – Vandredi
9h a 13h
Ki kote Osceola Campus
West Campus
èdtan pa semèn 18 èdtan
Dire chak kou 7 semèn

Anglè pou Moun ki Pale lòt Lang (English for Speakers of Other Languages, ESOL)

Pwogram a tan pasyèl sa a pral ede ou gen plis konpetans nan lang anglè pou ka kominike nan sitiyasyon kotidyen nan kad travay oswa nan kad vi pèsonèl ou.

Orè 2 klas aswè pandan semèn nan, soti nan 6:30 pm a 8:30 pm, 1 apremidi pandan semèn nan, soti nan 2:00 pm a 6:00 pm, oswa samdi soti nan 8:30 am a 12:30 pm.
Ki kote Lake Nona Campus
Osceola Campus
Poinciana Campus
School of Public Safety (Lès Orlando)
West Campus
Winter Park Campus
Online (Real-Time Virtual)
èdtan pa semèn 4 èdtan
Dire chak kou 8 semèn
Valencia College ofri tout moun menm chans nan edikasyon ak nan travay. Kontakte Biwo devlòpman òganizasyon ak resous imen an Office of Organizational Development and Human Resources.